FOUTBÒL/ABI SEKSYÈL: PATRICE EVRA REVELE LI TE VIKTIM ABI SEKSYÈL PANDAN LI TE TIMOUN

Entènasyonal fransè a, Patrice Evra, nan yon otobiyografi li genyen ki ap soti 28 oktòb fè konnen li te viktim abi seksyèl pandan li te gen 13 lane. E zak sa, se « principal » li a ki te fè l pandan li te nan kolèj.

Ansyen jwè Juventus Turin, Patrice Evra fè konnen li pa t janm vle pale sou sa.  » Mwen te wont pou m te di m te viktim abi seksyèl, men m pa vle lòt timoun santi menm sa m te santi a », afime ansyen jwè Man United la nan otobiyografi li ki ap rele: » I love this game ».

Ansyen defansè ki kite foutbòl sa gen 2 lane, deklare nan jounal kolòn Times, yon kotidyen Britanik, moun ki te abize l seksyèlman an se te direktè kolèj li te ye a. » Li te banm rete lakay li paske ant lekòl la ak lakay mwen se te yon long trajè ».

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …