LEMOND/ SANTE:  » MALADI KOWONAVIRIS POKO PRÈT POU FINI », DAPRÈ DIREKTÈ JENERAL OMS LA TEDROS ADHANOM GHEBREYESUS

Mete fen ak maladi kowonaviris la pa sanble yon bagay ki ap fasil pou otorite nan divès peyi nan mond lan, selon direktè jeneral òganizasyon mondyal sante (OMS), Tedros Adhanom Ghebreyesus, deklare  » maladi kowonaviris la ap fini se lè ke tout otorite yo chwazi mete fen ak maladi a », daprè li tout zouti pou konbat pandemi kowonaviris la deja disponib sèlman neglijans ki gen lakay dirijan peyi yo.

Nan konferans sa direktè jeneral (OMS) la Tedros Adhanom Ghebreyesus, bay dimanch ven kat (24) oktòb 2021 an nan vil Bèlen, deplore le fèt ke jiskaprezan lemond pa byen itilize zouti kont pandemi kowonaviris la, ki fè pou pi piti senkant mil (50 000) moun ki mouri chak semèn nan maladi a.  » maladi kowonaviris la poko prèt pou fini », se sa direktè jeneral (OMS) la Tedros Adhanom Ghebreyesus, deklare pandan ouvèti somè mondyal sante a, ki ap fèt nan peyi Almay.

Pou fini, doktè Ghebreyesus, raple òganizasyon mondyal sante fikse objektif yo pou rive vaksinen 40% popilasyon nan mond lan pou ane 2021 an ak 70 % nan mitan ane 2022 nan kad pwogram « Covax » la. Mouche Tedros denonse le fèt ke peyi rich yo akapare tout vaksen kont maladi kowonaviris.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …