AYITI/ ENSEKIRITE: LUIS ABINADER PA ANKOURAJE DOMINIKEN VINI AN AYITI

Prezidan dominiken an, Luis Abinader mande dominiken yo pou yo pa rantre an Ayiti akoz sityasyon ensekirite a ki ap degrade chak jou pi plis nan pati lwès zile a.

« Nou prevni dominiken yo pou yo pa rantre Ayiti paske pa gen sekirite », deklare Luis Abinader, daprè sa « Dario Libre » rapòte.

Prezidan dominiken an, yon lòt kote anonse siveyans sou fwontyè ayisyano- dominiken an ranfòse.

De dènye semèn sa yo, se ensekirite, kidnapin ak kriz gaz ki ap taye banda an Ayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …