FOUTBÒL/PREMYE LIG: LIVERPOOL KORIJE MANCHESTER UNITED NAN OLD TRAFFORD LA

_Liverpool ak Mohamed Salah malmennen Manchester United nan Old Trafford la (0-5) nan sa ki gen pou wè ak nevyèm jounen chanpyona Angletè a. Nan match la, ejipsyen an, Mohamed Salah fè 3 gòl._

Gen yon evenman ki pase nan kad nevyèm jounen chanpyona Angletè a dimanch 24 oktòb 2021 an. Manchester United resevwa yon koreksyon lakay li nan men etènèl rival li, Liverpool. (0-5) se sou eskò sa match la fin an favè Liverpool.

Gras ak viktwa sa, ekip Liverpool la dezyèm ak 21 pwen deyè do Chelsea ki gen 22 pwen nan premye plas klasman an. Red Devils yo, bò kote pa yo, gen sèlman 14 pwen nan setyèm plas la.

Bitè yo pou ekip Liverpool la se ejipsyen an Mohamed Salah ki fè twa gòl, N. Keïta ak Diogo Jota ki fè lòt 2 gòl yo. Sepandan, bò kote Man United, var la te retire yon gòl pou Cristiano Ronaldo nan 52e minit match la e rive nan 60e minit abit la te mete entènasyonal fransè a, Paul Pogba deyò aprè yon tak li te fè sou Naby Keïta.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …