AYITI/ ASASINAY: ANSYEN SENATÈ NENEL CASSY SISPEKTE NAN LANMÒ ANTREPRENÈ JACQUES PIERRE METELLY, DAPRE SAMUEL MADISTIN

Selon enfòmasyon mèt Samuel Madistin bay sou yon estasyon sè nan Kapital la, ansyen senatè nip lan Nenel Cassy enplike jouk nan kou nan dosye lanmò òm dafè, ansyen konsil jeneral Santiago pou peyi Ayiti, Mesye Jacques Pierre Martelus.

Nap souliye, òm dafè a jwenn lanmò li 3 fevriye 2021 douvan biznis li nan dèlma 40 B kote yon kòtèj nèg ak zam ame jouk nan dan touye sitwayen Jacques Pierre Martelus aprè anpil rezistans li menm rive blese youn nan bandi yo ak yon kouto li te genyen.

Òm de lwa a ale pilwen pou li di, polis syantifik (DCPJ) jwenn kouto Mesye Martelus te blese youn nan bandi ki te vin atake la nan machin ansyen senatè Nenel Cassy.

Nap raple, aprè kèlke minit krim lan fin fèt pa twò lwen kot krim lan te fèt la, ansyen senatè Nenel Cassy rele nan yon emisyon nan yon radyo nan kapital la, li fè konnen li sibi de yon atak kidnapin nan dèlma 40B.

 

RONALD EXAVIER

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …