AYITI/KIDNAPIN: MONTAN LAJAN KI BAY POU LIBERE PASTÈ LEGLIZ JESUS CENTER A PRAN LARI.

Pastè legliz Jesus Center a, Jean Michel Ferret ki jwenn liberasyon li nan lannwit lendi 25 oktòb 2021 an, peye yon gwo sòm lajan pou li ak yon pwòch li te kapab libere.

Selon enfòmasyon nan bon ti mamit nou rive jwenn, fanmi pastè a te bay 550 000 dola vèt pou libere li ak de (2) pwòch li yo te pran avèk li, lajan sa te bay an de (2) tranch, yon premye tranch 300 000 mil dola epi yon dezyèm tranch 250 000 dola vèt ki pèmèt pastè Jean-Pierre Ferrer Michel ak Norman Wiwner antre lakay yo.

Selon enfòmasyon yo,se gwoup nèg 400 mawozo yo ki te abiye ak inifòm lapolis ki te antre al pran pastè anndan legliz la nan Dèlma 29 jou ki te dimanch 3 oktòb 2021 an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …