AYITI/ARESTASYON: LAPOLIS METE ANBA KÒD TWA (3) JAMAYIKEN EPI SEZI YON KANTITE MARIGUANA

Nan yon operasyon ajan « gad kot ayisyen melanje ak gad kotyè ameriken, yo rive  sezi 635,5kg mariguana epi arete twa (3)moun ki gen nasyonalite Jamayiken nan jounen 27 oktòb 2021 an nan sou zile Lagonav daprè sa polisye yo fè konnen.

Aprè konsta  legal jij de pè, lapolis transfere  twa (3 ) Jamayiken sa yo nan biwo kap lit kont trafik dwòg (BLTS) .

Non twa jamayiken sa yo  se:<< Williams Canute Wesley ki fèt 16 oktòb 1974 , ; Walters Garfield Donovan fèt 11 novanm 1985  epi William Ellian fèt 9 novanm 2000 >>.

  « Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen »

 

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …