AYITI/MOUVMAN: YON PATI NAN KOMIN DÈLMA AK PLIZYÈ LÒT ZÒN LEVE ANBA GWO SON KATOUCH MATEN JEDI 28 OKTÒB LA

Byen bonè maten jedi 28 oktòb 2021 an, popilasyon an leve anba anpil katouch nan plizyè zòn nan peyi a ak nan komin Dèlma.

Sa ki kreye yon gwo panik bò kote moun kap viv nan ba Dèlma, Lasalin, estasyon Gonayiv, wout Ayopò poun site zòn sa yo, kote zam ap chante tankou wosiyòl. Yon sityasyon ki nan wout pou paralize jounen an pou yon katriyèm fwa aprè peyi a sot konnen twa (3) jou grèv kif kif.

Nap raple, jounen mèkredi 27 oktòb 2021 an, minis jistis la Listz Quitel mete kas li, jile pa bal li sou li ta pral kouri anba bal nan zòn Vare.

 

« Malè avèti pa touye kokobe »

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …