AYITI/ ENSEKIRITE:  » MET PYEM ATÈ », DÈNYE PAWÒL MINIS LISZT QUITEL AVAN L TE KOURI ANBA BAL

Minis jistis ak sekirite piblik la Listz Quitel, pase yon move moman nan komin site Solèy, mèkredi 27 oktòb 2021 an pandan vizit li nan « Terminal Varreux », pou te al fasilite distribisyon gaz la.

 » Mwen met pyem atè, poum kapab ede fasilite gaz la distribiye », deklarasyon minis jistis ak sekirite piblik la Listz Quitel. Aprè deklarasyon sa nèg ak zam fè minis jistis la kouri anba anpil katouch, kote menm machin minis Quitel la resevwa katouch nan moman minis lan te ap kite « Terminal Varreux ».

Fòk nou di, abiman minis jistis la pou te al nan « Terminal Varreux », pa sispann fè deba sou rezo sosyal yo kòm kwa abiman minis lan patap ka bay plis ke kouri devan gwoup gang yo.

 

« Pi piti pi rèd »

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …