AYITI/ GAZ: KRIZ RATMAN GAZ LA FÈ PLIZYÈ LOPITAL AP MACHE BWATE NAN PEYI A

Kriz ratman gaz la ki afekte peyi a pandan de (2) dènye semèn yo, afekte plizyè lopital nan peyi a pami yo Lopital inivèsite Leta ak Lopital Ench ki nan depatman Sant.

Direktris lopital jeneral la, Gessie Colimon Adrien, fè konnen kriz gaz la afekte ak yon gwo pousantaj tout sèvis nan lopital jeneral akoz pa gen gaz pou kapab mete nan jeneratris yo pou ka fè yo fonksyone. Doktè Gessie Colimon Adrien, ajoute sèvis dyaliz lopital jeneral oblije kanpe akoz pa gen gaz pou fè sèvis la fonksyone.

Sou bò pa li, direktè lopital Ench lan ki nan depatman Sant, doktè Prince Sonson Pierre, fè konnen pwoblèm gaz la afekte lopital la ak diferan sèvis li konn ofri yo. Doktè a, ki deklare plizyè sèvis nan lopital oblije kanpe tankou sant tretman maladi kowonaviris la, sant inite pwodiksyon oksijèn ak plizyè blòk operatwa lopital la. Pilwen, doktè Prince Sonson Pierre, presize lopital Ench lan boule chak jou 130 galon gaz.

N ap raple, menm pwoblem gaz sa gentan afekte plizyè enstitisyon nan peyi a se ka pou sant anbilansye nasyonal ki redwi tout sèvis yo akoz pwoblèm gaz la.

    « Pitit tig se tig »

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …