AYITI/GAZ: APWOVIZYONNMAN PONP GAZ, LOPITAL AK GWO ENDISTRI KÒMANSE FÈT, DAPRÈ LAPOLIS

Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen apwovizyonnman ponp gaz, lopital ak endistri tanmen depi byen bonè maten jedi 27 oktòb 2021.

Peyi Dayiti ap fè fas ak kriz gaz depi plizyè semèn e ki gen konsekans sou prèske tout aktivite ekonomik e sosyal. Daprè enfòmasyon yo, gen gaz nan peyi a ‘sepandan, akoz ensekirite a chofè yo pa t vle transpòte yo. » Gras ak jefò Lapolis deplwaye, apwovizyonnman ponp gaz, lopital ak gwo endistri kòmanse depi byen bonè nan jedi 28 oktòb ».

Fòs lòd yo pwomèt » yo pral kontinye ranfòse dispozitif sekirite pou transpòtasyon gaz la ka kontinye fèt an tout sekirite, soti nan tèminal yo pou ale nan tout zòn yo ».

 

       « Byen pre pa lakay »

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …