IJAN/LIGA: FC BARCELONE REVOKE RONALD KOEMAN

_Ronald Koeman pa antrenè klèb Katalan an ankò. Kotch olandè a jwenn revokasyon li jounen mèkredi 27 oktòb la apre defèt ekip Barcelone nan (1-0) kont ekip Rayo Vallecano a_

Barcelone remèsye Ronald Koeman nan tèt ekip la apre yon seri move rezilta a. Ansyen lejann ekip Katalan an ki rive sou ban klèb la nan lane 2020, pa viv yon bon pasaj nan klèb Barcelone nan.

Teknisyen olandè a, malgre depa Messi pandan sezon sa te eseye redrese ekip la avèk yon pakèt jenn jwè, toutfwa rezilta yo te pran tan pou yo vini e sa ki lakoz revokasyon li.

Pandan pasaj li nan klèb Barcelone nan, Ronald Koeman ranpòte yon Copa Del Rey kont Athletic Bilbao sou eskò (4-0) nan mwa avril ki sot pase a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …