AYITI/ENSEKIRITE : BANDI AK GWO ZAM RANTRE NAN LEKÒL MÈ BOUDON AN POU TE KIDNAPE YON ELÈV

Bandi ak gwo zam fann fwa moun pa rive idantifye rantre nan lekòl mè boudon yo jounen samdi 30 oktòb 2021 an, nan lide pou kidnape yon elèv, sitiyasyon sa lakoz plizyè moun blese grave.

Sekirite yo ki pat rete bwa kwaze te riposte avèk bandi yo pou kriminèl yo pat pran elèv la, sa lakoz yon sekirite blese grav, bandi yo ki tap fè prese te oblije kouri kite lekòl san timoun yo te vin pran an.

Selon enfòmasyon nou fè anpil konfyans, polisye yo ki pat twò lwen te gentan vin sou lye kote krim lan tap fèt la domaj bandi yo te gentan chape poul yo, polisye yo te oblije kouri an ijans avèk viktim yo lopital nan lide pou yo ka pran swen ki nesesè.

 

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …