AYITI/ZEN: YON BANN CHANPWÈL ANVAYI YON LEGLIZ EPI PRAN PÈ A AK ANPIL PATASWÈL

Pè Gaby konnen yon move moman anba men yon gwoup bann chanpwèl ki anvayi Pawas legliz Ste Therèse Dabòn nan ki chita kòl nan komin Lewogàn selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Sityasyon sa rive pandan pè a tap chante yon antèman nan legliz la, bann chanpwèl yo debake pou vin pran zonbi moun nan, selon enfòmasyon kèk moun nan popilasyon an, pè Gaby pat aksepte pou sa fèt anndan legliz la, gwoup sa ke moun yo kalifye de Chanpwèl la sapata pè ak kou.

Sa ki te soulve kòlè popilasyon an, yo pati dè gwoup moun sa yo, anpil nan yo pran kou, lapolis ki te rive sou plas ta pral pran youn nan moun sa yo ki te nan men popilasyon an ki te bat li anpil. Selon sa moun yo fè konnen se gwoup sa ki ta touye moun sa ki te mouri a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …