AYITI/ENSEKIRITE: LOPITAL SAKREKÈ MILO FEMEN PÒT LI JISKA NOUVÈL ÒD

Administrasyon lopital Sakrekè Milo anonse pòt li fèmen jiska nouvel òd, yon desizyon ki pran aprè yon gwoup nèg ak zam epi manchet sakaje lopital la epi mete dife ladanl nan lannwit 31 oktòb pou louvri premye novanm 2021 an.

Endividi sa yo mete dife nan achiv lopital la, yo kraze vit, fè anplwaye ak malad kouri kite espas la anba bal.

Daprè sa ki ekri nan nòt la, ensidan sa rive nan moman yo te fin mennen yon moun ki te blese
grav nan lopital la.

Sitiyasyon sa ki mete lavi pasyan ak anplwaye yo an danje lakoz pòt lopital la fèmen pou yon dat ki pa fikse.

Administrasyon an pwofite denonse zak san parèy sa, epi mande la polis ak lajistis mennen bon jan ankèt pou rive trake epi trennen devan la jistis tout moun ki patisipe nan zak sila.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …