_Nan yon mesaj vokal k ap sikile sou rezo sosyal yo kote ansyen direktè Lapolis Nasyonal Dayiti a, Léon Charles, adrese li ak fanmi li e kèk zanmi l, li fè konnen li te fè tout sa l kapab pou l te mete lòd, men bagay yo te vin konplike li te oblije deplase._
« Bagay la te difisil. Anpil gang, anpil lòt enplikasyon plizyè sektè vin konplike l », afime nan mesaj vokal ansyen direktè Lapolis Nasyonal Dayiti pandan de (2) fwa a, Léon Charles.
Ansyen responsab Lapolis la fè konnen li fè sa l kapab pou te eseye mete lòd. » M fè sa m kapab pou m te eseye mete lòd, men bagay la te vin konplike m te deside deplase. »
N ap raple se sou administrasyon Léon Charles kòm direktè Lapolis Nasyonal Dayiti ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, te asasinen 7 jiyè 2021 lakay li nan pèleren 5.