CHIN/EPIDEMI: OTORITE CHINWA YO MANDE AK POPILASYON AN POU FÈ REZÈV NAN MANJE YO

Nan yon avi gouvènman chinwa mete deyò lendi premye novanm 2021 an. Peyi la chin mande ak popilasyon an pou yo fè rezèv nan nouriti yap manje yo.

Nan moman peyi lachin ap konbat kowonaviris la epi fè prevansyon pou pandemi sa pa remonte nan peyi a, ministè komès peyi Lachin mande ak chèf menaj yo nan peyi a pou konsève kantite pwodui premye nesesite yo, pou yo fè fas ak bezwen yo si tout fwa ta gen ijans.

Avi a pa presize pouki rezon, ni peyi a pa menase pou fè fas ak rate nouriti.

Ministè komès peyi lachin mande ak otorite lokal yo tou pou pou fasilite pwodiksyon alimantè yo, epi konsève vyann ak legim pandan yo dwe kenbe menm pri avan yo pou pwodui premye nesesite yo.

Nap soulinye, non peyi lachin te site kòm sispèk nan fabrikasyon viris kowona ki lakoz anpil moun mouri nan mond lan. Èske prevansyon sa pa ta di anpil bagay pou lòt peyi yo nan mond lan.

 

Marie Wanide Nencha Vernois.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …