ETAZINI/ELEKSYON : ERIC ADAMS, YON ANSYEN POLISYE, FAVORI POU VINI PREMYE NWA MAJISTRA NEW YORK

_Demokrat ak ansyen polisye, Eric Adams 60 lane favori pou vini premye nwa ki majistra New York. Li ap afwonte kandida repibliken an, Curtis Sliwa, yon prezantatè radyo ki gen 67 lane, jounen madi 2 novanm 2021 an pou konn kiyès ki ap vini majistra New York. De (2) kandida ki gen yo chak pwofil pa yo._

De (2) 11kandida yo diferan youn de lòt, menm si gen kèk pwen yo genyen an komen nan pwogram kanpay yo tankou kesyon sekirite nan lari New York kote fiziyad yo grenpe a 70% nan sèlman yon lane, daprè Lapolis.

Sou baz sa, kòm ansyen polisye nan megapol pandan 22 lane, Eric Adams pwomèt yon polis ki ap pi pre popilasyon an.

Bò kote Curtis Sliwa, li apiye sou « Guardian Angels », yon gwoup jistisye ki kreye sa gen 40 lane pou konbat vyolans ak kriminalite ki ap ravaje vil la.

Toutfwa, vil la se basyon demokrat yo. Kès Eric Adams yo dis fwa plis ranpli pase pa advesè li a. Dènye sondaj yo bay demokrat la devan pou 40 pwen, men Curtis Sliwa rete kwè li ka kreye sipriz la, daprè sa RFI rapòte.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …