EDIKASYON/NASYON INI: NESMY MANIGAT BAT BWAVO LAKONTMAN POU YON REZOLISYON ISTORIK KONSÈY NASYONZINI PRAN AN FAVÈ PÈSONÈL LEKÒL

_Konsèy Nasyonzini, nan yon rezolisyon istorik vandredi 29 oktòb 2021, mande peyi yo pran mezi pou lame e Lapolis pwoteje elèv, anseyan ak pèsonèl lekòl pandan konfli pou lekòl kapab rapousib. Ansyen minis edikasyon nasyonal, Nesmy Manigat bat bravo lankontman pou dezisyon istorik sa_ .

Nan yon pòs sou fesbouk, pwofesè Nesmy Manigat fè konnen se premye fwa nan konsèy sekirite Nasyonzini yo pran rezolisyon pou pwoteje dwa edikasyon nan ka konfli ame ak konfli politik toupatou nan lemonn.

Nan sa ki gen pou wè ak Ayiti, ansyen minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat swete polis kominotè edikatif PC Edupol jwenn plis mwayen. » Nan sityasyon Ayiti a, anplis tout mezi ki dwe pran nan nivo sekirite kont gwoup ame, polis kominotè edikatif PC Edupol bezwen plis mwayen ».

Samdi nan apremidi, gen yon elèv Sen Lwi Boudon ki viktim, anndan lekòl la, apre yon tantativ kidnapin nèg ak zam te fè sou yon paran.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …