Gouvènman dominiken an kanpe « indéfiniment » pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen yo ki ap etidye an repiblik dominikèn.
Nan yon twit vis minis kongrè ak zafè migratwa a, Jatzel Romàn, fè lendi 1 novanm nan aswè, li fè konnen gouvènman dominiken an kanpe « indéfiniment » espesyal viza pou etidyan an.
Dezisyon sa vini apre chanselye ayisyen an, Claude Joseph, fè konnen repiblik dominikèn gen pwoblèm ensekirite lakay li tou e sou baz sa, se de peyi yo ki pou mete tèt yo ansanm pou sekirize zile a.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto: Haitilibre