LEMOND/ KATASTWÒF: POU PI PITI SENK (5) MOUN MOURI NAN EFONDREMAN YON GWO KAY NAN PEYI NIJERYA

Yon gwo kay venteyen (21) etaj nan peyi Nijerya, efondre jounen lendi premye novanm 2021 an nan kapital peyi sa a, ki lakoz senk (5) moun mouri ak plizyè dizèn lòt ki toujou rete nan espas la, daprè premye enfòmasyon yo.

Responsab Ajans nasyonal jesyon ijans (Nema), Ibrahim Farinloyer, fè konnen operasyon pou chache moun kite nan gwo « bildign » sa a ap kontinye jiska maten madi de (2) novanm lan.

 » Mwen wè senk (5) moun mouri, mwen t ap travay nan etaj anba se sak fèm sove », deklarasyon youn nan reskape Taiwo Sule. Viktim lan esplike, pou li te ka sove lavi l te oblije rete kwense pandan plizyè èd tan avan sekouris yo te vin chache l.

Sitiyasyon sa ki parèt konplike, pou otorite nan peyi Nijerya yo ki mande èd epi anonse ouvèti yon ankèt pou konnen si pa gen men kache dèyè efondreman sa.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …