LEMOND/ POLITIK: YON NWA ELI MAJISTRA NAN PEYI ETAZINI

Ansyen polisye afwo-ameriken Eric Adams, eli kòm majistra vil Nouyòk, aswè madi de (2) novanm 2021 an, daprè enfòmasyon chèn ameriken CBS ak NBC, rapòte sou rezilta preliminè yo.

Demokrat Eric Adams, ki gen 61 lane rive ranpòte eleksyon minisipalite pou Eta Nouyòk ak yon pousantaj 70%, sou konkiran li Curtis Sliwa, ki gen 67 lane, selon premye rezilta biwo eleksyon difize ki montre kandida repibliken Curtis Sliwa, fè sèlman 23% vòt yo.

N ap raple, ansyen polisye Eric Adams, ki gen 61 lane vini dezyèm afwo-ameriken ki rive ranpòte eleksyon minisipalite kapital ekonomik peyi Etazini.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …