ESPÒ/LIG DÈ CHANPYON: BENZEMA MAKE 1000E GÒL REAL MADRID NAN LIG CHANPYON AN

_Atakan fransè a, Karim Benzema rantre pi fon nan listwa klèb madrilèn nan. Nan match ki te mete bab pou bap Real Madrid kont ekip Shakthar Donestk la jounen mèkredi 3 novanm 2021 an nan kad katriyèm jounen Lig Chanpyon an, Benzema make 1000e gòl ekip madrilèn nan anndan konpetisyon Ewopeyèn nan._

Nan 15è minit match la, Vinicius junior vòlè yon balon nan pye Marlon epi li fè pas la bay Benzema ki jis rantre boul la nan kan an. 1-0 pou Real Madrid, Benzema antre pi plis nan lejann klèb la gras ak kòl sa.

Benzema rejwenn yon pakèt lejann klèb la ki te fè gòl pou Real Madrid nan konpetisyon Ewopeyèn tankou : Alfredo di Stefano ki te make 100è gòl Real Madrid ; Ferenc Puskas ki te fè 200è nan ak 800e e 900e an Cristiano Ronaldo te fè.

Klèb madrilèn nan se li menm ki make plis gòl nan zafè Lig Chanpyon devan Bayern ki gen 763 gòl ak Barcelone ki gen 654 gòl.

Real Madrid gen rekò klèb ki gen plis tit nan Lig Chanpyon an, li ranpòte li 13 fwa.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …