AYITI/PNH: DIREKSYON JENERAL LAPOLIS NASYONAL DAYITI ANILE KÈK GRAD NAN LAPOLIS LA

_Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, ki gen nan tèt li kòm direktè Frantz Elbé, anile tout grad komisè ak enspektè ki te bay nan mwa oktòb 2021 an, daprè yon nòt enstitisyon Lapolis la mete deyò_.

Daprè Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti « tout grad komisè ak enspektè ki te bay nan mwa oktòb 2021 an anile ».  » Mezi sa pran apre enstitisyon an konstate gen lèt pwomosyon ki te bay ak kèk kad ki pa t respekte kòmsadwa atik 60 lwa 29 novanm 1994 ki te pran pou kreye ak tabli ansanm prensip ki gen nan enstitisyon an ».

Nòt la fè konnen, pi douvan, karyè diferan fonksyonè nan Lapolis la fèt ak grad yerachize ki soti nan pi piti nivo a pou moute nan pi wo nivo a san l pa koupe nan mitan twa nivo. » Nan chak nivo, pwomosyon yo bay sou baz pi ansyen ak sou baz konpetans. Kandida pou yon nivo pi avanse nan Lapolis Nasyonal la dwe pase konkou anndan enstitisyon an kote regleman yo di klèman kijan pou gen aksè ak li », ekri nan nòt la.

Yon lòt kote, nan gen « sousi pou pwomouvwa avèk ekite ak egalite enspektè divizyonè yo ap gen yon konkou ki ap fèt pou nouvo kòwòt komisè yo dimanch 12 desanm 2021. »

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …