AYITI/POLITIK: DJ TONY MIX VOYE PYE KONT POLITISYEN YO NAN LAKOU PEYI DAYITI YO.

Tony Mix sòti nan silans li pou eksprime kòlè li kont politisyen ayisyen yo ki fè kòm si yo pa wè sitiyasyon peyi a. Popilasyon ayisyèn nan ap fè fas ak divès kriz tankou kidnapin, ensekirite, Politik ak rate gaz la ki fè yon gwo enpak sou ekonomi peyi a,  sa ki lakoz pri pwodui yo egzajere nan dènye jou sa yo.

« Sim te chèf mwen tap wont »se deklarasyon DJ Tony Mix ki fè, li pran desizyon pou pa pran okenn sòm lajan ankò nan men politisyen pou fè kanpay pou yo nan eleksyon.

Yon deklarasyon ki pouse plizyè fanatik Tony Mix reaji, kèk nan yo raple DJ a li te nan kan PHTK nan eleksyon pase yo.

Nap souliye, divès sitwayen kritike Tony Mix pou slogan « timoun 2000 la » ki fè anpil enpak negatif sou la jenès peyi Dayiti. Yon slogan ki fè kwè jenerasyon 2000 la lage kò yo nan debòch.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …