AYITI/ SOSYETE: MOREL ESPERANCE BERARD YON VIZYON POU ESTABILITE, LAPÈ AK PWOSPERITE

Morel Esperance Berard, ki se aktyèl delege depatman Nip te fèt nan komin Chadonyè, nan depatman Sid, se yon antreprenè agrikòl epi li fè politik pou kapab defann koz peyi Dayiti ak sa ki pi mal yo, daprè sa li esplike ak redaksyon Echo Jounal.

Nan fè politik pou chanje kondisyon lavi moun ki pi mal yo, Morel Esperance Berard, sou prezidans defen Jovenel Moïse nan lane 2018, te nome kòdonatè Karavàn Chanjman pou deptaman Nip. Pandan tan sa, li pase nan pòs la pèmèt anpil pèse wout ak pase men nan wout tankou: komin Ansavo, Miragwàn, Baradè, Ano, wout pou mennen nan Fondèblan pou site sa yo sèlman.

Nan lane 2019, nan mitan kri politik ki tap toufounen ansyen prezidan Jovenel Moïse, Morel Esperance Berard nome kòm delege depatmantal Nip, yon depatman ki te tèt anba ak pwoblèm politik, chalon moun pat ka pase, wout bloke e te menm touye polisye ak plizyè lòt moun.

Depi kèk mwa nan lane 2019 la, gras ak estrateji li mete epi devlope bonjan rapò ak Lapolis epi lajistis ki rann depatman Nip lan, vin dous tankou siwo jiskaprezan malgre kesyon ensekirite a nan depatman tout bagay prale.

Pou vann vizyon li, Morel Esperance Berard, kreye yon estrikti politik Mouvman Militan yo Pou Chanje Ayiti( MMCHDA), ke li ap kòdone nan moman nou ye la.

Delege Morel Esperance Berard, chak mwa ap pale li toujou renmen repete fraz sa a » fòk gen yon moun ki mouri pou yon koz », yon mo li fè sèvi chwal batay li pou ede peyi a sòti nan sa li a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …