LEMOND/ SANTE: PREZIDAN ETAZINI AN ATAKE YON GWO MALADI KI LAKOZ LI TRANSFERE POUVWA A BAY VIS PREZIDAN AN

Prezidan ameriken an, Joe Biden, pral sibi yon koloskopi « routin » li ap anba aneksezi sa ki lakoz li transfere pouvwa a li a bay vis prezidan Kamala Harris.

Joe Biden pral sibi yon tchekòp li gen abitid fè chak lane ki pote non koloskopi sa kap lakoz li anba aneksezi. Nan sans sa, se bay vis prezidan Kamala Harris li transfere pouvwa a.

« Pita prezidan an prale nan Walter Reed Médical Center pou tchekòp woutin li gen abitid fè chak lane », ekri pòt pawòl mezon blanch lan, Jen Psaki.

Kamala Harris vini premye fanm nan listwa Etazini ki pral egzèse pou yon ti bout tan, fomèlman pouvwa prezidansyèl la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …