AYITI/ EDIKASYON : FONDASYON FOKA REYALIZE FINAL KONKOU SOU ANVIWONMAN YO

Nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun yo ki selebre chak 20 novanm, Fondasyon Kominotèe Kretyen an Aksyon ( FOKA), reyalize final konkou pou timoun ki sòti nan plizyè lekòl nan depatman Nip lan.

Seremoni final konkou an ki te fèt nan katriyèm seksyon komin Miragwàn, Sen Michèl, pandan moman reprezantan FOKA nan depatman Nip lan pastè Fisher Raymond, fè konnen aktivite sa a fèt nan tèt kole ak « GBS » epi legliz yo nan peyi a, yo deside fè aktivite sa pou make jounen entènasyonal dwa timoun yo. Pilwen, pastè Raymond presize aktivite sa fèt nan objektif tou pou kapab sansibilize paran yo, legliz yo, lekòl yo sou dwa ke yo genyen epi ankouraje yo nan agrikilti ak anviwonman pou redwi to debwazman nan peyi Ayiti.

Pou fini, reprezantan Fondasyon Kominote Kretyen an Aksyon an (FOKA), pastè Fisher Raymond, ankouraje lekòl yo pou kenbe inisyativ montre timoun yo travay tè ak pwoteje anviwonman, legliz yo dwe kontinye fè pwomosyon pou jan inisyativ sa yo ak paran yo ki dwe travay pou kontinye respekte dwa timoun yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …