AYITI/ENSEKIRITE: YON GWO TÈT NAN SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ A NAN CHALÈ.

_Direksyon Santral polis jidisyè (DCPJ) mande pou Tribinal Premye Enstans Pòtoprens mande yon manda « d’amener » dèyè ansyen senatè depatman Nip la, Nenel Cassy ki se yon sispè nan asasina antreprenè Jacques Pierre Matilus_.

Manm enfliyan nan estrikti politik ki pote non Sektè Demokratik e Popilè a, Nenel Cassy nan vize lajistis peyi Dayiti. Daprè mèt Samuel Madistin, responsab fondasyon je klere a, DCPJ jwenn kouto viktim nan te ap defann li kont tantativ kidnapin nan nan machin ansyen palmantè a.

Pwopriyetè yon makèt, Jacques Pierre Matilus te mouri asasinen Dèlma 40-B apre yon gwoup moun nan yon machin te vide katouch sou li 3 fevriye pase. N ap raple, se te nan kad tantativ kidnapin kote viktim nan te blese ak yon kouto youn nan prezime asasen li yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …