ESPÒ/PREMYE LIG: WATFORD MALNENNEN MANCHESTER UNITED, OLE GUNNAR SOSLKJAER REVOKE

_Manchester United, yon lòt fwa nan sezon sa pouve li pa t fè pwa. Red Devils yo tonbe jounen samdi 20 novanm 2021 (4-1) devan ekip Watford la nan kad 12e jounen premye Lig la. Yon defèt ki lakoz antrenè a Soslkjaer jwenn revokasyon l nan tèt ekip la jounen dimanch 21 novanm nan._

Manke kreyativite ofansiv kou defansiv, Manchester United kite pol devan Joshua King (1-0, 28e), Ismaïla Sarr (2-0, 48e), Joao Pedro ( 3-1, 90+2) ak Emmanuel Denis ( 4-1, 90+5). Sepandan, sèl bitè Manchester United nan match la se Donny Van de Beek ( 2-1, 50e).

Defèt sa lakoz Soslkjaer pèdi djòb li nan tèt ekip la avan deplasman yo ap gen pou yo fè madi lakay Villarreal nan Lig Chanpyon. Cristiano Ronaldo ak koyekipye l yo ap gen pou ale lakay lidè chanpyona a Chelsea apre pou l jwe kont Arsenal.

Gen twa non ki ap site pou ranplase antrenè nòvejyen an, daprè Manchester Evening News : Erik Ten Hag (Ajax), Luis Enrique ( seleksyonè Espay la) ak Brendan Rodgers ( Leicester) annatandan, Michael Carrick ap asire enterim nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …