AYITI/ ANIVÈSÈ: « RADIO CARIBBEAN » YON LÒT JAN, YON LÒT LADRÈS POU ENFÒME POPILASYON AN

25 novanm 2013, 25 novanm 2021 make 8 lane depi radyo « Caribbean Fm » limen sou frekans 99.1 Fm, nan depatman Nip. Selon sa responsab yo fè konnen ak redaksyon Echo Jounal.

Pandan 8 lane, bagy yo pa ditou fasil pou rive limen chak jou epi enfòme popilasyon an. Estasyon radyo sa a konnen anpil vye moman sitou moman pasaj siklòn matye nan lane 2016, nan depatman Nip ki te frape plizyè sit kote radyo a ap emèt, toujou daprè sa responsab yo nan administrasyon enstitisyon an esplike ak Echo Jounal.

Responsa yo nan radyo « Caribbean fm », fè konnen pi gwo priyorite ak enterè yo se travay pou bay moun nan depatman Nip yo yon pi bon pwogramasyon, pèmèt yo divèti yon lòt fason ak enfòme yo san fòs kote. Pilwen, yo raple estasyon an pa yon radyo pwopagandis sa pa fwa ki peze gwo pwa sou fonksyonnman radyo a akoz yo paka jwenn esponsò fasil.

Ekip Echo Jounal la, sòti nan direksyon jeneral ak administrasyon an koubel byen ba pou swete chak grenn anplwaye enstisyon sa a nan depatman Nip, yon bòn fèt, travay epi rete nan wout siksè a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …