AYITI/POLITIK : GWO DEBLOZAY PETE ANT PALÈ NASYONAL AK PRIMATI.

Aprè Premye minis defakto Ariel HENRY fin soti arete jounen mèkredi a pou nonmen Mèt Josué pierre-Louis kòm sekretè general prezidans lan pou vin ranplase Leonel Valbrun, nan moman nap pale a se gwo eskandal ki douvan palè akoz otorite yo vin enstale ansyen minis jistis la nan tèt sekretarya prezidans lan.

Depi nan mitan jounen an, sekretè general prezidans lan simaye lèt bay plizyè moun nan leta a pami yo premye minis defakto a, prezidan gran kò a senatè Joseph Lambert ak direktè jeneral polis nasyonal la nan lide pou fè yo konnen chimen patwon primati a ap pran an pap bon pou peyi a.

Kote chèf primati a vle fèl pase pou prezidan pou vin nonmen Yon moun nan tèt sekretarya prezidans lan sanl pa gen okenn pwovizyon legal pou revoke oubyen pou siyen arete.

Nap fè konnen pòs sekretè jenaral se Yon arete prezidansyèl sèlman ki ka retirel kotel Li ye a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …