AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS DEFAKTO A PILE LAKOU PALÈ NASYONAL

_Premye minis defakto a, Ariel Henry dirije jounen jedi 2 desanm 2021 an yon konsèy minis nan palè nasyonal._

Yon semèn apre Lyonel Valbrun fin pèdi djòb li kòm sekretè jeneral laprezidans la, chèf gouvènman ayisyen dirije premye konsèy minis li nan palè nasyonal.

Nan kad konsèy minis sa, diskisyon yo te chita sou plizyè pwen tankou : ensekirite, fèy wout minis yo ak arete ki nonmen twa sekretè Leta ki ap pibliye nan yo tan ki pa twò long.

Konsèy minis ap pede fèt detanzantan sou kesyon ensekirite nan peyi a alòske, prèske chak jou nèg ak zam nan Matisan ap touye malere inosan ki ap bat dlo pou fè bè.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …