LEMOND/ KOWONAVIRIS: APRÈ YON SEMÈN NOUVO VARYAN KOWONAVIRIS « OMICRON » AN POKO TOUYE MOUN, DAPRÈ OMS

Nan yon konferans layv pou laprès otorite yo nan Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), bay jounen jedi de (2) desanm 2021 an fè konnen yo pako resanse okenn ka lanmò nan nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an.

Peyi Lafrans vini nan tèt lis la ak nèf (9) ka nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an, Etazini, Nòvèj ak End vini dèyè yo nan peyi ki trape viris la pandan semèn lan alòske plizyè lòt peyi tankou Iland, Arabi Sawoudit, Nijerya elatriye deja kontamine ak viris la.

 » Nou pa ko wè okenn ka lanmò ki ta gen pou wè ak nouvo varyan « Omicron » an », se deklarasyon Christian Lindemeier, fè nan kad konferans près la ki t ap bay nan Jenèv. Kòm plis peyi ap fè tès pou detekte nouvo varyan kowonaviris la, konsa n ap jwenn plis lòt ka toujou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …