AYITI/ASIRANS: OAVCT LANSE YON NOUVO ESPESYAL POLIS ASIRANS KI RELE « 7 SOU 7 »

_Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi 3 desanm 2021 an, ofis asirans veyikil kontretyè ( OAVCT) lanse yon nouvo espesyal renouvèlman polis asirans ki pote non « 7 Sou 7″ soti madi 7 desanm 2021 pou bout vandredi 7 janvye 2022_ .

Sityasyon ensekirite makònnen ak fenomèm kidnapin nan, gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a. Nan sans sa, nan sousi pou soulaje pwopriyetè veyikil ak chofè yo, OAVCT lanse yon nouvo espesyal renouvèlman polis asirans.

Nan lide pou pote plis limyè sou espesyal sa, OAVCT mete deyò yon pakèt modalite. » Tout pwopriyetè moto, vwati, kamyon, toutèren ki dwe 2 osnon 3 lane ap peye sèlman yon lane. Si yo dwe 4 osnon 5 lane yo ap peye sèlman 2 lane e si yo dwe 6 lane oubyen pi plis yo ap peye sèlman 3 lane ».

OAVCT pwofite okazyon an pou li raple tout pwopriyetè veyikil terès ak moto yo, selon atik 21 dekrè me 2006 yo, li entèdi pou yo sikile sou teritwa nasyonal la san yon polis asirans valid ak plak imatrikilasyon DGI.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …