AYITI/REYAKSYON: CLAUDE JOSEPH REYAJI SOU DOSYE POLEMIK AYITI-REPIBLIK DOMINIKÈN NAN

_ »M pa t renmen fason dirijan dominiken yo t ap sèvi ak dosye Ayiti a pou fè avanse pwòp zafè pa yo », deklare ansyen chanselye ayisyen an, Claude Joseph nan yon kout videyo li poste jounen dimanch 5 desanm 2021 sou paj fesbouk li kote lap pale de angajman li parapò ak peyi Sendomeng._

Claude Joseph retounen sou sijè ki te vide luil sou dife relasyon diplomatik ant Ayiti ak repiblik Dominikèn.  » M pa t janm chache ni swete an konfli avèk repiblik Dominikèn. Sepandan, m te tou senpleman pa t renmen fason dirijan peyi sa t ap sèvi ak dosye ayisyen an pou fè avanse zafè yo », esplike ansyen premye minis sou administrasyon Jovenel Moïse. »

Daprè doktè Claude Joseph se te yon move piblisite Sendomeng t ap fè pou Ayiti. » M pa t renmen move piblisite yo t ap fè sou dosye Ayiti a. M pa renmen lè yon vwazen kote entansyon l pa toujou bon pou l plase tèt li kòm pòt pawòl premye repiblik nwa a ».

Parapò ak sa ki pase a, Claude Joseph pa regrèt anyen. « Kòm chanselye, fòk gen limyè ki te pote sou kèk bagay. Pou mwen, lonè peyi Dayiti pase avan tout bagay. M t ap refè l si m te gen pou m refè l. » Deklare Claude Joseph.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …