GANBI/ELEKSYON: ADAMA BARROW PREZIDAN POU YON DEZYÈM FWA

Prezidan komisyon elektoral endepandan an nan peyi Ganbi, Alieu momar Nijie, anonse jounen dimanch 5 desanm 2021 an viktwa Adama Barrow nan eleksyon prezidansyèl yo.

Adama Barrow genyen pou yon lòt fwa eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Ganbi. Prezidan sòtan an, daprè rezilta yo, genyen eleksyon yo avèk 458 519, swa plis pase 53% moun ki vote pou li sou 900 000 elektè.

Nan kous elektoral sa, Adama Barrow bat konkiran li a ki se tou mentò li, Ouseinou Darboe, ki li menm, fè 238 253 vwa sa ki bay 27,7%, rapòte RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …