ESPÒ/LIG DÈ CHANPYON: BARCELONE ELIMINE NAN LIG CHANPYON, LI PRAL JWE EWOPALIG

_Mirak la pa fèt fas ak klèb Bayern Munich nan. Barcelone tonbe fò ( 3-0) kont ekip Bavawa nan dènye jounen match Lig Chanpyon ki fèt jounen mèkredi 8 desanm 2021 an. Elimine nan Lig Chanpyon, klèb Katalan an pral jwe Ewopalig._

Defèt la kite yon gou anmè nan bouch Xavi ak poulen l yo. Barcelone elimine. Klèb Katalan an te dwe bat Bayern nan Allianz Arena oubyen espere Benfica pa t bat match kont Dinamo Kiev la pou l te ka gen chans pou l kalifye nan uityèm de final. Yon senaryo ki pa pase jan koyekipye Coutinho yo te swete l la. Barcelone pèdi 3-0 e Benfica bat 2-0 klèb Dinamo Kiev la.

Foutbòl klèb Barcelone, apre defèt sa, pral jwe faz baraj eliminatwa dirèk Ewopalig nan mwa fevriye 2022 pou l ka eseye jwenn yon plas pou uityèm de final konpetisyon sa. Baraj sa l ap jwe l kont ekip k ap fini dezyèm nan C3 a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …