AYITI/DRAM: « LE PARTI TÈT ANSANM POUR LE SAUVETAGE HAÏTIEN » MANDE LETA POU AKONPANYE SIVIVAN YO AK FANMI VIKTIM YO

Nan yon nòt solidarite » Parti tèt ansanm pour le Sauvetage Haïtien » mete deyò jounen mèkredi 15 desanm 2021 an, li mande pou otorite nan Leta yo akonpanye nan diyite moun ki pa mouri nan trajedi ki pase Okap ayisyen an ak fanmi viktim yo.

« Le parti tèt ansanm pour le Sauvetage Haïtien » mande pou pouvwa an plas la, konkrètman, poze yon pakèt aksyon pou li ka pran tout dispozisyon posib pou li akonpanye moun ki pa mouri yo ak fanmi sila ki mouri yo », ekri nan nòt solidarite sa ki pote siyati Audain Fils Bernadel, kòdonatè nasyonal pati politik sila a.

« Le parti tèt ansanm pour le Sauvetage Haïtien » te pwofite okazyon an pou li prezante senpati li ak tout popilasyon kapwaz la, patiklyèman fanmi ak pwòch moun ki viktim nan dram sa.

Nan lannuit 13 pou rive 14 desanm 2021 yon kamyon sitèn gaz chavire epi eksploze lakoz pou piti 73 moun pèdi lavi yo ak plizyè lòt boule nan vil Okap Ayisyen.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …