ETAZINI/ LAPOLIS: POU PREMYE FWA YON FANM NWA NONMEN NAN TÈT LAPOLIS NEW YORK

_Nonminasyon istorik. Keechant Sewell se pral premye fanm nwa ki pral pran tèt Lapolis nan New York. Yon chwa majistra tounèf vil la, Éric Adams fè. Yon pòs jeneralman nèg blan te konn okipe. Nonminasyon li a vini nan yon kontèks kote kriminalite a pa sispann ogmante._

« Li brize tout plafon vè yo sou wout li », deklare Éric Adams. Chwa pou mete Keechant Sewell, yon fanm nwa, nan tèt Lapolis New York la se yon chwa odasye. Sa potko janm fèt pandan 176 lane egzistans Polis New York la.

 » M gen konsyans karaktè istorik nonminasyon m nan. Kòm premye fanm nwa, e twazyèm moun nwa ki dirije Lapolis New York, m ap pote yon pèspektiv diferan. M ap angaje m pou depatman an sanble ak vil l ap sèvi a », deklare Keechant Sewell, daprè sa RFI rapòte.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …