LEMONN/JISTIS: WA DUBAÏ LA KONDANE POU LI PEYE ANSYEN MADANM LI PLIS DE (2) PITIT LI YON PAKÈT LAJAN

Yon tribinal Britanik kondane madi 21 desanm 2021 an souveren DUBAÏ la, Mohamed Ben Rached al- Maktoum, pou li peye ekivalan 640 milyon ewo ak ansyen madanm li plis de pitit li. Se pi gwo total lajan yon moun ap depanse nan koze divòs. Se yon rekò.

Se yon sòm lajan rekò pou lajistis anglè nan zafè divòs. Wa Dubaï la, Mohamed Ben Rached al-Maktoum kondane devan yon tribinal Lond pou peye ak ansyen madanm li plis de pitit li 640 milyon ewo.

Jijman sa mete fen nan yon pakèt lesefrape jiridik ki chita sou anlèvman, pati nan bato ak pirataj enfòmatik, ki t ap fèt nan mitan fanmi mesye Mohamed.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …