AYITI/ OMAJ : PLIZYÈ ÒGANIZASYON SOSYAL DENONSE FINERAY IMILYASYON GOUVÈNMAN DEFAKTO ARIEL HENRY BAY AK VIKTIM DIFE NAN VIL OKAP YO

Òganizasyon  » Coalition Nationale des forces politiques et démocratiques ( CONAFPODHA), denonse fineray imilyasyon gouvènman defakto Ariel Henry, bay viktim dife nan lannwit 13 pou louvri 14 dawout 2021 an, nan lokalite Samari ak Lafòsèt ki nan komin Okap.

Plizyè manm estrikti sa a, ki te prezan nan fineray senbolik pou viktim dife a, denonse yon fineray tout voum se do gouvènman defakto a bay ak viktim yo, kòdonatè (CONAFPODHA), Noël Patrick Jerry, fè konnen pat gen okenn planifikasyon ki te fèt ant gouvènman defakto a ak fanmi viktim yo pou te ka leve dinite viktim yo nan bay yo yon bon fineray.

N ap fè remake, malgre tout bèl pawòl, twa (3) jou dèy nasyonal gouvènman defakto Ariel Henry la, pat janm pote okenn sipò bay viktim nan dife yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …