AYITI/ASASINA: MARTINE MOÏSE AK CLAUDE JOSEPH REYAJI APRE KONGRÈ AMERIKEN AN MANDE POU GEN LIMYÈ KI FÈT SOU ASASINA JOVENEL MOÏSE LA

Ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse ak ansyen premye minis pou yon ti bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse, Claude Joseph reyaji apre kongrè ameriken an vote yon lwa pou mande depatman Leta pou mennen yon ankèt sou asasina Jovenel Moïse ak dosye masak Lasalin nan.

« Mwen gen anpil espwa paske Sena ameriken an egzije @StateDept yon rapò detaye sou lanmò tèrib prezidan Jovenel Moïse ak masak Lasalin. Yon desizyon konsa yon bon mwayen pou limyè blayi sou de (2) ankèt si la yo », reyaji maden defen Jovenel Moïse.

Bò kote pa li, Claude Joseph fè konnen li kontan pou fason peyi Etazini entèrese nan ankèt sou Lanmò prezidan an. » Nou swete laverite blayi avan lontan sou sa ki te pase 6 ak 7 jiyè a », Claude Joseph.

Nan kad ankèt ki ap mennen sou asasina ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moïse, gen yon pakèt moun Lapolis ak Lajistis ap chache. Pami yo, ansyen senatè depatman Lwès la, John Joël Joseph.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …