AYITI/ ADMINISTRASYON :  YON NOUVO DIRÈKTÈ. ADJWEN ENSTALE NAN DIREKSYON DEPATMANTAL MJSAC NIP

Frédéric Vello, se non nouvo direktè an aprè direksyon depatmantal Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik Nip ( MJSAC), seremoni enstalasyon an fèt nan lokal delegasyon depatmantal Nip lan an prezans komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan mèt Jean Ernest Muscadin, manm direksyon « MJSAC » Nip, ak plizyè lòt pèsonalite ki nan kominote a.

 

Direktè prensipal biwo a, Peeterson Dezormeau, nan diskou li raple ak nouvo direktè an Frédéric Vello, ministè a ap rete tann nan men li tout konpetans li pandan li ankouraje li pou travay nan kolaborasyon ak lòt manm direksyon an.

 

Sou bò pa li, direktè an aprè a Frédéric Vello, di li kontan anpil pou pòs la. Pandan li pwomèt li pral travay pou bay espò a yon lòt imaj nan depatman an epi mete tout konpetans li pou sèvi espò nan depatman Nip.

 

Nou ap fè remake, Frédéric Vello, te fè pati yon kòwòt jèn Leta ayisyen te chwazi nan depatman Nip epi voye ale etidye nan peyi Venezyela nan kad relasyon koperasyon Ayiti Ak Venezyela.

 

 

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …