AYITI/EDIKASYON/ZEN: YON LEKÒL NAN KOMIN TABA SOU WOUT POU KRAZE POU FÈ PISIN NAN ESPAS LA.

PIizyè paran elèv lekòl ‘’Solidarite,fraternite’’ki chita kò li nan komin taba, pran lari pou rele anmwey pou yon desizyon jij Marie Marcel Pierre Louis, ta pran pou kraze lekòl la pou yo kapab fè pisin ak otèl sou teren an selon sa paran yo fè konnen.

Paran yo ki denonse desizyon sa, tanmen plizyè mouvman nan lari a ak nan laprès pou mande èd ak minis edikasyon nasyonal la ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat epi premye minis defakto a, Ariel Henry pou mete bouch nan dosye sila pou yo pa pèdi lekòl la epi pou timoun yo pa pèdi ane a.

Selon paran yo, lekòl ‘’Solidarite,fraternite’’gentout papye li, li bay bon rezilta nan egzamen ofisyèl yo e li gen 56 lane sou teren an. Pilwen, paran yo denonse presyon yo di bandi nan tèt kole ak desizyon jij la ap bay direktè lekòl la, pou li pa mete pye nan espas la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …