AYITI /JISTIS : JIJ ENSTRIKTÈ GARRY ORELIEN LAVE TÈT LI APRÈ AKIZASYON RNDDH LA

Nan yon lèt tou ouvè jij enstriksyon Garry Orelien ekri ak pèp Ayisyen nan lide pou li atire atansyon yo epi pote yon demanti fòmèl kont tout manti ak mesaj entoksike Pierre Espérance ap veyikile nan tout medya konmkwa li pran kòb anba chal nan men moun ki enkilpe nan dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse .

Òm de lwa di li endiye douvan sitiyasyon sa paske li konsidere tèt li epi anpil moun wè nan li kòm yon moun ki onèt nan aparèy jistis la pou mouche Pierre Espérance pran non li enskri pami moun kap fè sa ki mal nan sosyete a.

Pilwen, jij la mete angad tout moun ki konnen li patisipe de lwen ou deprè nan move zafè pandan tout pakou li nan aparèy jistis la mèt avili li. Yon lòt kote li menase trennen tout moun ki site non li nan bagay dwòl lajitis.


Nou ap raple, Pierre Espérance te site non Jij Garry Orelien kòm moun kap pran kòb anba tab nan men detni nan dosye prezidan Jovenel Moïse la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …