ESPÒ/BREZIL/ KADEJAK: YON ANSYEN ENTÈNASYONAL BREZILYEN KONDANE POU LI PASE 9 LANE NAN PRIZON POU KADEJAK

Kou kasasyon peyi Itali konfime ansyen jwè brezilyen an, Robinho, ap gen pou pase 9 lane nan prizon pou kadejak.

Jij twazyèm seksyon penal yo te reyini nan vil Wòm e yo te voye jete apèl jwè a kote yo kenbe kondanasyon definitiv la, deklare nan laprès avoka viktim nan, Jacopo Gnocchi.

« 15 majistra estime akizasyon yo te pwouve. Swè pa nou se pou Brezil egzekite santans la », daprè sa li ajoute.

Selon medya italyen yo, jwè a nan peyi Brezil pou kounya. Fè yo remonte nan lane 2013 epòk Robinho te ap jwe pou ekip Milan AC a.

Daprè medya nan epòk sa, Robinho ak senk (5) zanmi li te fè yon fanm albanèz 22 lane bwè jiska li te pèdi bon sans li sa te lakoz li pa te ka reziste. » Yo te gen rapò seksyèl avè li tout ansanm ».

Nan lane 2009, otorite peyi Angletè te mare Robinho apre yo te soupsone li te fè kadejak sou yon fanm nan yon bwat denwi ki chita kò li Leeds.

 

Kredi foto: équipe.fr

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …