AYITI /ENSEKIRITE : FEDOFEDH LONJE DWÈT SOU LETA KI RETE BWA KWAZE FAS AK FENOMÈM ENSEKIRITE A

Prezidant FEDOFEDH la, Novia Augustin, lonje dwèt sou Leta ki rete bwa kwaze fas ak fenomèm kidnapin nan ak ensekirite nan ki ap vale teren chak jou pi plis.

« Se avèk anpil tristès FEDOFEDH konstate Leta a rete san li pa fè anyen epi kwaze bwa li ap gade fenomèm ensekirite ak kidnapin nan ki ap feraye », deklare Novia Augustin ki, fas ak sa, mande popilasyon an pou yo vijilan.

Kidnapin epi lanmò tèrib fiyèt 14 lane a nan kwadèboukè se konsekans vye gouvènans, inegalite sosyal ak richès yo ki mal separe. Se twòp atò. Ayiti tounen yon lanfè », deklare Novia Augustin.

Ensekirite ak kidnapin nan fè ayisyen ap viv tankou imigran sou pwòp teritwa yo. Batay gang ak gang nan kèk zòn, patiklyèman rantre sid kapital la fè yon pakèt moun kouri kite kay yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …