AYITI /JISTIS : KONSÈY SIPERYÈ POUVWA JIDISYÈ (CSPJ) KONVOKE JIJ ENSTRIKSYON GARRY ORILIEN

Nan kòrespondans ki rann piblik vandredi 21 desanm 2022 a ki pote siyati mèt Jean Robert CONSTANT sekretè teknik CSPJ a, nan objektif pou jij la vin reponn kesyon swit ak yon ansanm akizasyon Pierre Espérance fè kont jij Orelien.

Nou ap raple, nan yon lèt tou ouvè defansè dwa moun lan (RNDDH) te ekri CSPJ pou ta mennen yon ankè sou jij Garry Orelien sou fason li tap mennen dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse lan, Pierre Espérance fè konnen Jij enstriksyon an patisipe nan koripsyon kote li pran plizyè milyon dola ameriken nan kèk moun ki enkilpe nan dosye asasinay chèf leta a.

Bò kote pa Jij Garry Orelien deklare li prè pou li reponn kesyon lajistis de tout sa yo repwoche li, òm de lwa kontinye pou li di si Pierre Espérance pa gen bonjan prèv nan men li, jij la fè konnen se dènye moun pou pierre Espérance detwi karaktè li.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …