AYITI/PNH : PLIZYÈ JÈN KONPOZE NAN KONKOU ENTÈLEKTYÈL POU RANTRE NAN LAPOLIS NAN DEPATMAN NIP

Sèvis rekritman nan direksyon depatmantal polis Nip, òganize jounen dimanch 23 janvye 2022 a, egzamen entèlektyèl pou jèn ki vle entegre lòt pwomosyon Lapolis ki ap gen pou sòti a.

Pòt pawòl polis Nip lan Astrel Calixte, fè konnen gen sou yon total 87 jèn ki te kandida gen 50 ki rive konpoze jounen dimanch 23 janvye a ladan yo 7 fanm epi 43 gason. Pilwen, pòtvwa polis la nan depatman an presize kandida yo konpoze nan konesans jeneral.

Pou fini, Astrel Calixte, mande ak tout jèn ki ta renmen entegre Lapolis la sèvis rekritman an nan direksyon depatmantal Nip lan ap rete tann yo.

Dieuva Occidor

 

Kredi foto :  Wisnel Décembre

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …